| Ki sa Bondye vle nou fè ? | Leson 5 |
Ki objektif Bondye pou latè ? |
|
| Poukisa Jewova te kreye latè ? (1, 2) | |
| Poukisa tè a pa yon paradi kounye a ? (3) | |
| Ki sa ki pral rive mechan yo ? (4) | |
| Ki sa Jezi pral fè nan tan k ap vini an pou moun malad yo ? pou granmoun yo ? pou mò yo ? (5, 6) | |
| Ki sa ou bezwen fè pou w pwofite benediksyon k ap vini yo ? (7) | |
1. Jewova te kreye tè sa a pou lèzòm te ka jwi lavi sou li pou toutan. Li te vle pou latè toujou gen moun jis ak moun ere abite sou li (Sòm 115:16 ; Izayi 45:18). Latè pap janm detwi, l ap la pou toutan. – Sòm 104:5 ; Eklezyas 1:4. 2. Anvan Bondye te kreye lòm, li te chwazi yon ti pòsyon nan tè a e li te fè l tounen yon bèl paradi. Li te rele l jaden Edenn. Se la li te mete premye òm nan ak premye fanm nan, Adan ak Èv. Bondye te vle pou yo fè pitit e pou yo ranpli tout tè a. Timoso pa timoso yo t ap fè tout tè a vin yon paradi. – Jenèz 1:28 ; 2:8, 15.
3. Adan ak Èv te peche lè yo te dezobeyi lwa Bondye a pa espre. Kidonk, Jewova te pouse do yo mete yo deyò nan jaden Edenn nan. Yo te pèdi Paradi a (Jenèz 3:1-6, 23). Men, Jewova pa bliye objektif li te genyen pou tè a. Li pwomèt pou l fè tè a vin yon paradi, kote lèzòm pral viv pou toutan. Ki jan li pral fè sa? – Sòm 37:29. 4. Anvan pou tè sa a vin yon paradi fòk mechan yo disparèt (Sòm 37:38). Sa pral fèt nan Amagedòn, lagè Bondye a ki pral mete fen nan mechanste. Apre sa, yo pral fèmen Satan yon kote pou 1000 an. Sa vle di pap rete okenn mechan pou deteryore tè a. Se sèl pèp Bondye a ki pral chape vivan. – Revelasyon 16:14, 16 ; 20:1-3. 5. Alòs, Jezi Kris pral gouvènen tè sa a pandan 1000 an (Revelasyon 20:6). Tikras pa tikras l ap elimine peche nan kò nou ak nan lespri nou. Nou gen pou nou vin pafè tankou Adan ak Èv te ye anvan yo te peche. Alòs lè sa a pap gen ni maladi, ni vyeyès ni lanmò. Moun malad pral geri epi granmoun pral vin jèn ankò. – Jòb 33:25 ; Izayi 33:24 ; Revelasyon 21:3, 4. 6. Pandan rèy mil an Jezi a, moun fidèl yo pral travay pou fè tout tè a tounen yon paradi (Lik 23:43). Mete sou sa, plizyè milyon mò pral resisite pou yo viv sou tè a (Travay 24:15). Si yo fè sa Bondye vle yo fè, y ap kontinye viv pou toutan sou tè a. Sinon, y ap detwi pou toutan. – Jan 5:28, 29 ; Revelasyon 20:11-15. 7. Konsa, objektif orijinèl Bondye te gen pou tè a pral reyalize. Èske w ta renmen pwofite benediksyon k ap vini yo ? Si se wi, ou bezwen kontinye aprann konnen Jewova e ou bezwen obeyi li nan sa l mande. Asiste reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova ki bò lakay ou a pral ede w fè sa. – Izayi 11:9 ; Ebre 10:24, 25.
|
Pibliye an 1996 |
|
Copyright © 2006 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania. All rights reserved. |
|