Sit Entènèt ofisyèl Temwen Jewova yo

Akèy Beliefs Future Medical Topics Contact Us Publications Languages
Ki sa Bondye vle nou fè ? Leson 16Atik anvan an

Desizyon w pou w sèvi Bondye

Ki sa w dwe fè pou w vin zanmi Bondye ? (1, 2)
Ki jan w ka fè pou w vwe tèt ou bay Bondye ? (1)
Kilè ou ta dwe batize ? (2)
Kouman w ka jwenn fòs pou w rete fidèl devan Bondye ? (3)

1. Pou w vin zanmi Bondye fòk ou gen yon bon konesans verite ki nan Bib la (1 Timote 2:3, 4), fòk ou mete lafwa nan bagay ou aprann yo (Ebre 11:6), fòk ou repanti de peche w (Travay 17:30, 31), e fòk ou kase tèt tounen nan fason w t ap viv la (Travay 3:19). Answit, lanmou w pou Bondye ta dwe pouse w vwe lavi w ba li. Sa vle di nan yon priyè pèsonèl, an prive, ou di li ou bay ou menm pou w fè volonte l. – Matye 16:24 ; 22:37.

2. Apre ou fin vwe w bay Bondye, ou ta dwe fè batize w (Matye 28:19, 20). Batèm nan fè tout moun konnen ou vwe tèt ou bay Jewova. Donk, batèm fèt sèlman pou moun ki ase gran pou yo pran desizyon pou yo sèvi Bondye. Lè yon moun ap batize tout kò l fèt pou plonje anba dlo a pou kèk moman.* – Mak 1:9, 10 ; Travay 8:36.

3. Apre ou fin fè yon ve, Jewova ap atann aske ou viv ann akò ak pwomès ou a (Sòm 50:14 ; Eklezyas 5:4, 5). Dyab la pral eseye bloke w pou w sispann sèvi Jewova (1Pyè 5:8). Men, sere kole ak Bondye nan lapriyè (Filipyen 4:6, 7). Etidye Pawòl li chak jou (Sòm 1:1-3). Rete kole ak kongregasyon an (Ebre 13:17). Lè w fè tout sa, w ap gen fòs pou w rete fidèl devan Bondye. Konsa, pou tout letènite w ap kapab fè sa Bondye vle w fè !

Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon oubyen yon etid gratis sou Bib la lakay ou, ekri Temwen Jewova yo nan youn nan adrès sa yo. Adrès


* Pou nou prepare pou batèm nan, li rekòmande pou nou fè yon etid swa nan liv La connaissance qui mène à la vie éternelle la, swa nan yon lòt liv menm jan an Watch Tower Bible and Tract Society pibliye.

 

Pibliye an 1996

AkèyAnwo Atik anvan an

Copyright © 2006 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania. All rights reserved.